
Black Friday sale: save up to $81 on ProZ.com membership
First-year prices for new and returning members. Ends 2 December.
Source text in English |
Winning entries could not be determined in this language pair.There were 2 entries submitted in this pair during the submission phase. Not enough entries were submitted for this pair to advance to the finals round, and it was therefore not possible to determine a winner.Competition in this pair is now closed. |
Endyen Pima ki nan Arizona yo di, se papiyon sa a ki rele Tchèwik Mèyik (Cherwit Make) (kreyatè tè a), ki papa tout moun ak tout bèt, ki te soti nan nyaj yo pandan l t ap vòltije, jiskaske l rive nan falèz ble yo [...] epi l fè moun apati pwòp swe l. Ofiramezi moun ap miltipliye, yo vin egoyis epi antre nan dezinyon, sa te vin fè Tchèwik Mèyik gen degoutans pou travay li a epi l te deside anglouti yo tout. [...] Te gen yon Ok (Hauk), yon demon ki nan montay yo, ki te vòlè pitit fi l yo epi masakre pitit gason l yo. [...] Li te swiv li jiska Montay Sipèstisyon yo; li mete dwòg nan diven kandelam pitit fi li a te pote pou li a; apre sa, lè l te fin soule l, Souwa (Suha) soti kote l te kache a epi l eklate sèvo demon an ki te toujou anba efè dwòg la. [...] Donk Pima yo kwè nan pwofesi sa a ak tout fòs yo, sa ki fè yo refize travèse mòn Sipèstisyon an paske se la Tchèwit Mèyik rete, pandan l ap tann mechanste a rive nan dènye limit li pou l fè yon gwo lanmè dechennen sou latè, yon lanmè mòn sa yo sèvi kòm baraj ki kenbe l. | Entry #39731 — Discuss
|
Endyen Pima yo nan Arizona di papa lèzòm ak tout bèt yo se te papiyon an, Cherwit Make (kreyatè tè a), li te vole desann soti nan nyaj yo pou l al sou Falèz Ble yo [...] epi, ak pwòp swe pa l, li te kreye lèzòm. Pandan popilasyon an t ap ogmante, moun yo te vin egoyis e yo te renmen fè kont; akoz degou Cherwit Make parapò ak kreyasyon li a, e li te deside nwaye yo tout. [...] Te gen yon sèten Hauk, yon move lespri ki t ap viv nan mòn yo, ki te konn vòlè pitit fi yo epi touye pitit gason yo. [...] Suha te swiv li an silans jouk li rive nan Mòn Sipèstisyon yo; li te mete yon sibstans nan diven kaktis pitit fi l la ta pral bay demon an; epi, yon fwa li te fin bwè l, Suha te soti kote l te kache a, li te kraze kràn move lespri a ki te vin tou pèdi sans li. [...] Pima yo tèlman kwè nan pwofesi sa a ak tout fòs yo, yo pa janm travèse Mòn Sipèstisyon yo. Paske, se la Cherwit Make rete — l ap tann pou mechanste yo rive nan dènye nivo li, yon fason pou l ka lage yon gwo lanmè sou tè a, yon lanmè ki rete pou kounya rete bloke dèyè chenn mòn sa a. | Entry #39854 — Discuss
|